Pwogram ak Plan ICMC

Pwogram Intellectual and Developmental Disabilities Comprehensive Managed Care (ICMC), ki te konn rele “Pilòt IDD” anvan, se yon Pwogram Medicaid. Pwogram sa a bay sèvis Medicaid pou moun ki nan kategori pre-enskripsyon pou iBudget Waiver atravè Ajans pou Moun ki gen Andikap (APD).

Pou w kalifye pou w enskri nan pwogram sa a, ou dwe yon moun ki resevwa Medicaid, ki nan kategori pre-enskripsyon pou iBudget Waiver atravè APD, epi ou dwe gen 18 an oswa plis. Apati 1ye jiyè 2026,Moun ki deja enskri nan pwogram Egzansyon pou Andikap Devlopmantal pou Bidjè Endividyèl la (pafwa yo rele l egzansyon iBudget) oswa nan pwogram Swen Long Tèm Medicaid Managed Care (SMMC) nan tout Eta a, ki satisfè kritè ki anwo yo, ka transfere enskripsyon yo nan Pwogram ICMC la. Pou plis enfòmasyon sou pwogram sa a, tanpri sèvi ak kòd QR ki anba a.

Pwogram ICMC Ajans Florid pou Administrasyon Swen Sante